mardi 29 janvier 2019

Oh Ayiti! Oh Ayisyen frè m sè m yo! Poukisa se nou ki nan eta sa? Poukisa ayisyen pa renmen Ayiti? Sa fè m tris pou m'ap gade nou kap pase mizè pandan ke moun ki resi gen mwayen yo ap itilize mizè ak inyorans nou pou yo soulve n nan enterè pèsonel yo.
Ou menm ayisyen parèy mwen,eske w kwè lòt Ayiti a ap posib? Eske w vle sa? Eske w travay oubyen prè pou travay pou lòt Ayiti a rive posib? Si w pa kwè,ni vle sa ou pap travay pou sa,men si w kwè e vle lòt Ayiti a,avan tou ,konnen nou pap ka fè omlèt san nou pa kase ze.Kidonk, eske w prè pou peye pri lòt Ayiti a ap koute nou an? Eske w prè pou rekonèt ke lòt Ayiti a pap posib ak jenerasyon sa? Eske w prè pou rekonèt ke se ou menm ayisyen ki sèvi peyi a obstak ki anpeche l fè pwogrè? Eske w prè pou rekonèt si se jenerasyon sa ki pa bon pou peyi a ke nou tout merite mouri pou lòt Ayiti a?
Mwen chita map sviw eta peyi a sa fè lontan.Paran demisyone,leta enkapab epi konsyans menm pa reyaji,sa ki lakoz tout moun fè sa yo vle,jan yo vle.Ayiti tankou yon manman,yon papa ki nan twò renmen,twò damou,twò dòlote pitit li nan ba l tout libète fini par viktim de menm pitit la.Ayiti tankou yon manman,yon papa ki te rete ap gade pitit li kap jwe ak yon zam men ki rete pasif san pran zam lan nan men l jis pou l fè timoun nan plezi,pou timoun nan pa kriye san l pa panse li ka viktim de pitit ak zam sa pi devan si sikonstans yo chanje
Ayisyen frè m yo,mwen anvi di nou,ou menm timoun,yonn nan pi gwo mal paran w te ka fè w se lè yo tolere w fè tout sa'k pa bon,se lè yo pa aprann ou fè efò,yo pa aprann ou travay.Ou menm jèn fi,jèn gason ki deja prè pou ranpi'li devwa sivik ou,yonn nan pi gwo mal leta ayisyen fè w,yo pa aprann e fòse ou peye taks.Anpil fwa mwen wè lidè,chèf pati politik kap soulve mas pèp la pou al manifeste paske se yon dwa yo genyen pou mande leta sèvis li dwe yo jan sa ta dwe ye;se byen.Men konbyen fwa nou pran yon ti tan pou nou aprann menm màs pèp sa devwa li anvè leta? Konbyen fwa nou pran ti tan pou n fè yo konprann "qui veut la fin,veut les moyens"? Kidonk pou yo fè devwa yo avan yo reklame dwa yo. Devwa yo nan peye taks menm jan yo al vote ak manifeste;dwa pou yo panse ke lòt ayiti a pap posib nan selman chanje prezidan,chanje gouvènman si yo menm yo pa chanje pou bagay yo ekilibre.Sinon se yon epé damokles ki poze sou tèt nou tout ki ka viktim de menm sistèm lan si yon jou w ta vin prezidan,depite,senatè,premye minis,eksetera...Siw pa kontribiye,koman w pral mande oubyen di ke w pa satisfè de sa yo baw? Ou menm kap fè milyon,sonje gen lòt se devan katedral la yo ye,men se nan milyon wap fè a pou leta takse w pou l ka jwenn kichòy pou l sèvi sak pa  menm ka manje ni al lekol yo.
Ou menm ki enskri pitit ou lekol,ou pa janm peye pou li.Direksyon lekol la voye timoun lan retounen...Koman w pral kanpe pou di direktè a ke l pat gen dwa voye pitit ou tounen tandis ke  ou menm ou pat janm fè devwa w?
Si w'al lekol,pwofesè a ba w devwa pou fè,ou pa fè l ki vin rann ou pa gen pwen...Koman w pral kanpe devan pwofesè sa pou revandike di l pat dwe pa ba w pwen tandi ke w pat fe devwa w?
Se konsa mwen wè Ayisyen toujou gen tandans konpare sèvis leta peyi Dayiti ak sèvis leta lòt peyi,men eske nou fè konparezon an pou l ekilibre?? Ekzanp:Nou toujou di"Aaah...la a repiblik dominikèn kouran 24/24 e si yo ta pral gen yon ti koupi menm pou 2minit yo eskize yo oprè popilasyon an,,c byen.Men menm jan nou konpare sèvis yo eske nou pran tan pou n konpare atitid,santiman,tanperaman pèp dominiken ak atitid,santiman ak tanperaman pèp ayisyen anvè sèvis leta peyi yo tou? Eske nou pran tan pou n konpare mantalite nou menm ayisyen ak mantalite lòt peyi kap vanse yo? Se nòmal,si pèp dominiken respekte epi fè devwa yo anvè leta peyi yo...Li nòmal tou pou respè a resipwòk bò kote sèvis leta peyi a anvè pèp la.
Menm jan nou toujou kritike chèf leta peyi nou yo nan fason yo toujou ap mande lòt peyi. Men si w gen pitit ou,li grangou ou pa ba l manje..à kisa w atann??"Vice versa"..li menm pou leta anvè pèp li tou.
Nou di nou vle sekirite,nou vle lame menm jan ak lòt peyi,,,se byen,men solda lame yo fòk yo touche,fòk yo gen asirans,fok yo gen zam ak ekipman nesesè etc...e ekipman sa yo nou pa fè yo nan peyi nou,se achte nap achte yo...kidonk chaj peyi n vin ogmante.Si chaj ogmante pwodwi a pa ogmante ou konn kisa sa ap bay?(Fayit,pèt).Kesyon pou poze"si m kontan,m ta renmn peyi m menm jan ak tout lot bel peyi pou l gen lame etc..,eske m prè pou m peye pri lame sa ap koute m lan?" Se menm jan ak fwaye,ak famiy kote wap viv la.Ou te konn manje sèch,yon jou w deside manje ak salad...ou te konn manje marinad men w deside se pizza pou manje kounye a,men pa met nan tèt ou manje ak salad la pral koute w menm pri ak manje manje sèch la? Pa di m ou panse pizza a pral koute w menm pri ak marinad la?
Si w gen konsyans,poze tèt ou kesyon :"eske m travay byen pou peyi m ase pou m ta jwenn li resipwòk?" Si w fè l ou pa jwenn li resipwòk,wap byen fè revolisyon an,sinon....
Lòt Ayiti a ap posib,le jou ke w rekonèt e aksepte ke w dwe peye taks pou w ka jwenn sèvis.
Lot Ayiti a ap posib,le jou ke w rekonèt e aksepte avan w di ou pa gen moun (Leta) kap panse pou ou,ou komanse par panse pou tèt ou.
Lot Ayiti a ap posib,le jou ke w rekonèt e aksepte ke avan w di peyi a pa ofri w anyen ou sèten ke w gen yon bagay pou ofri peyi a.
Lot Ayiti a ap posib,le jou ke w rekonèt e aksepte menm jan wap mache pale moun mal se konsa yap pale w mal tou.
Lot Ayiti a ap posib,le jou ke w gen papa w,manman w,frè w,sè w nan tèt ministè wap travay la,ou pa janm al travay,yo kenbe w, ni ou,ni yo rekonèt e aksepte ke chèk ou merite bloke,ou merite revoke.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke papa w prezidan, manman w premye minis, frè w minis,sè w direktè depatmantal yo gen 20 moun konpetan pou yo anplwaye nan yon pòs,ni ou, ni yo rekonèt e aksepte ke w pap ka pami 20 moun lan paske w pa konpetan pou sa.
Lot Ayiti a ap posib,le jou ke papa w prezidan, manman w premye minis , frè w minis, sè w jij, kouzen w komisè; ou komèt yon krim,ni ou,ni yo rekonèt e aksepte ke pap gen Mea Culpa pou ou,ke w merite prizon.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke ou se papa m, manman m, frè m, sè m wap fè sak pa bon ou rekonèt e aksepte m di w mwen pa avè w.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke ou menm fanm ki vyole kontra w te gen ak mennaj ou oubyen mari w, ou rekonèt e aksepte ke li gen tout dwa pou l kite w, pou l mande w divòse.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke ou menm gason ki vyole kontra w te gen ak mennaj ou oubyen madanm ou..ou rekonèt e aksepte ke li gen tout dwa pou l kite w,pou l mande w divòse.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke ou menm gason, ou menm fanm ki pa fè devwa w nan fwaye w, ou rekonèt e aksepte ke gen dwa w pap ka reklame.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke ou menm paran w te enskri w lekol, ou pat sou sa, ou te kite l pou plezi,pou pwogram ti sourit ou rekonèt e aksepte ke se ou ki gaché avni w.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke w'al lekol ou pa sou sa, pa janm travay ni etidye ou rekonèt e aksepte ke w pap janm fé bèl mwayèn menm jan ak pitit vwazin ou an kap bat nay toutan an.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke w se prezidan,premye minis,minis,depite,senatè,etc...ou te vòlè lajan leta,ou rekonèt e aksepte mare.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke w rekonèt e aksepte si w pa vle vle travay ou pap ka manje e wap oblije fè vye zafè.
Lot Ayiti a ap posib, le jou w ke w rekonèt e akseptevfè devwa w avan w reklame dwa w.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke w rekonèt e aksepte ke w koupab tou de sitiyasyon peyi a.
Lot Ayiti a ap posib, le jou ke tèks sa mwen ekri a ofanse w, li pa ale nan sans ou men w aksepte m di w li jan l ye a olye de jan w ta vle m'ekri l la.
     
                                                  Ekri jou ki te 25 oktòb 2018 pa #James_Goldsmith_Solage